Song of Solomon 7:1
Ala bèl pye ou bèl nan sapat ou yo, nègès mwen! Ren ou tankou si li te dekore ak bon lò. Ou ta di travay yon bòs ki gen anpil ladrès ak gou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 28:15W'a fè yon plastwon pou yo mete bagay y'a sèvi pou chache konnen sa Bondye vle. Se yon bon atis ki pou fè travay bodri a tankou pou jile a. W'a fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere.
Psalms 45:13(045:14) Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò.
Luke 15:22Men, papa a di domestik li yo: Ale vit. Pote pi bèl rad la, mete l' sou li pou mwen. Mete yon bag nan dwèt li, mete soulye nan pye li.
Ephesians 4:15Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.
Philippians 1:27Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bon nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m' tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m' tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bon nouvèl la fè nou gen nan Bondye.