Philippians 1:27
Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bon nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m' tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m' tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bon nouvèl la fè nou gen nan Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 19:12Joab di Abichayi konsa: -Si nou wè moun Aram yo soti pou yo bat mwen, w'a vin ede m'. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou.
Psalms 133:1Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!
Jeremiah 32:39Sèl lide m'ap mete nan tèt yo tout, sèl anvi m'a ba yo tout, se pou yo gen krentif pou mwen tout tan. Se va pou byen yo ak pou byen pitit pitit yo.
John 17:20Se pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesaj la.
Acts 4:32Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pesonn pa t' di byen li yo te pou tèt pa l' ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun.
Romans 1:5Gremesi Jezikri sa a, Bondye fè m' favè pou m' travay tankou apòt, pou m' mennen moun tout nasyon, nan non menm Kris la, pou yo vin kwè nan li, pou yo obeyi li.