Exodus 15:16
Yon sèl kè kase, yon sèl sezisman pran yo. Avèk fòs ponyèt ou, ou fè yo rete rèd san yo pa kapab fè anyen. Ou fè yo rete konsa jouk pèp ou a fin pase, Seyè, wi, jouk pèp ou delivre a fin pase!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:7M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a.
Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
Exodus 23:27M'ap fè tout moun pè nou. Kote nou pase, m'ap fè moun pèdi tèt yo. M'ap fè tout lènmi nou yo pran rak devan nou.
Deuteronomy 11:25Pesonn p'ap ka kanpe devan nou pou rete nou sou kous nou. Kote nou pase, Seyè a, Bondye nou an, pral fè moun peyi a pè nou, yo pral kouri pou nou jan li te pwomèt nou li a.
Deuteronomy 32:9Men, li chwazi pitit Jakòb yo pou li. Se yo ki pèp pa l' la menm.
1 Samuel 2:9L'ap pwoteje lavi moun k'ap sèvi l' ak tout kè yo. Men, mechan yo pral mouri nan fènwa. Paske se pa fòs kouraj yon nonm k'ap fè l' genyen.