Titus 3:1
Fè yo chonje se pou yo soumèt devan tout chèf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fè tou sa ki byen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 24:21Pitit mwen, gen krentif pou Seyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo.
Ecclesiastes 10:4Si chèf ou move sou ou, pa prese vire do ou ale. Si ou rete dousman, sa ka evite ou anpil malè.
Jeremiah 27:17Pa koute yo. Soumèt devan wa Babilòn lan, konsa n'a viv. Pa gen rezon pou nou fè lavil Jerizalèm lan tounen mazi.
Matthew 23:2Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo la pou esplike Lalwa Moyiz la.
1 Corinthians 15:58Konsa, frè m' yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n' toujou pi cho nan travay Seyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Seyè a p'ap janm pèdi.
Ephesians 2:10Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè.