Zechariah 1:2
Li di li: -Mwen menm Seyè a, mwen te fache anpil sou zansèt nou yo.
Bib La
In The King James Version
The LORD hath been sore displeased with your fathers.
In Context
Cross References
2 Kings 22:16Men mesaj Seyè a voye ba li. Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo jan sa ekri nan liv wa Jida a te li a.
2 Kings 22:19Sa fè kè ou fè ou mal, ou soumèt ou devan mwen, lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Se bagay ki pral fè moun mete men nan bouch. Y'ap sèvi ak non yo pou bay madichon. Wi, lè ou tande sa ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa, mwen menm tou, mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.
2 Chronicles 36:13Sedesyas leve kont wa Nebikadneza ki te fè l' sèmante devan Bondye li t'ap toujou soumèt devan li. Li fè tèt di, li derefize chanje lavi li t'ap mennen an pase pou l' ta tounen vin jwenn Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Ezra 9:13Apre tou sa ki te rive nou, yon jan pou ou te pini nou pou move zak ak tout bagay mal nou te fè yo, nou wè, O Bondye nou, ou pa t' pini nou jan nou te merite l' la. Ou te kite yon ti rès nan nou ap viv toujou, nou menm ki la koulye a.
Psalms 60:1(060:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon chante David te fè pou moutre moun anpil bagay. (060:2) Li te ekri l' lè li t'ap fè lagè ak moun Aram yo ki te soti nan peyi Naarayen ak peyi Soba. Sa te rive aprè Joab te tounen nan batay la pou l' te touye douz mil (012.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la. (060:3) Bondye, ou vire do ban nou. Ou gaye nou toupatou. Ou te fache ak nou. Tanpri, fè nou kanpe ankò!
Jeremiah 32:23Yo rive nan peyi a, yo pran l' pou yo, men yo derefize koute ou. Yo pa viv jan ou te mande yo viv la. Yo pa fè tou sa ou te ba yo lòd fè a. Se konsa, ou voye tout gwo malè sa a sou yo jòdi a.