Zechariah 10:5
Moun pèp Jida yo pral genyen batay la, y'ap tankou sòlda k'ap foule lènmi anba pye yo nan labou nan granchemen. Yo pral goumen, paske Seyè a la avèk yo. Tout lènmi ki sou chwal yo pral wont.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 10:14Ni anvan sa, ni apre sa, pa janm gen yon jou tankou jou sa a lè Seyè a te fè sa yon moun te mande l' fè, epi li goumen pou pèp Izrayèl la.
1 Samuel 16:18Yonn nan mesye yo di konsa: -Izayi, moun lavil Betleyèm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sòlda ki gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, li byen kanpe. Seyè a avèk li.
2 Samuel 22:43Mwen kraze yo fè yo tounen pousyè. M' pilonnen yo, m' mache sou yo tankou sou labou nan lari.
Psalms 18:42(018:43) Mwen kraze yo, yo tout tounen pousyè van pote yo ale. Mwen mache sou yo tankou sou labou nan lari.
Psalms 33:16Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.
Isaiah 8:9Nou menm, moun tout nasyon yo, manyè konn sa! Nou mèt tranble! Nou menm ki rete nan peyi byen lwen, louvri zòrèy nou! Pare pou nou goumen! Men, konnen nou anba kou! Wi, mwen di nou pare pou nou goumen. Men, konnen nou anba kou!