Zechariah 10:7
Moun Efrayim yo pral tankou vanyan sòlda. Y'ap kontan tankou moun ki anba gwòg. Pitit pitit yo va chonje sa, y'a fè fèt. Y'a kontan pou sa Seyè a te fè pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 18:19Mwen te chwazi l' pou l' te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l' k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Seyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tout sa mwen te pwomèt li a.
1 Samuel 2:1Lè sa a, Ana lapriyè, li di: -Seyè a fè kè m' kontan anpil! Seyè a remoute kouraj mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m' kontan paske Bondye delivre mwen.
Psalms 28:7Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li.
Psalms 102:28(0102:29) Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou.
Proverbs 31:6Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.
Isaiah 38:19Se moun ki vivan ase ki ka fè lwanj ou tankou mwen menm jòdi a. Granmoun va fè pitit yo konnen jan ou toujou kenbe pawòl!