Zechariah 11:5
Moun k'ap achte yo a ap touye yo. Pesonn pa ka mande yo kont. Moun k'ap vann yo menm ap di: Lwanj pou Bondye! Gade jan nou rich non! Ata gadò mouton yo pa gen pitye pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Seyè a, Bondye mwen an, di m' konsa: -Ou pral swen mouton y'ap pare pou labatwa.
Cross References
Deuteronomy 29:19Si yon moun, apre li fin tande sa ki di nan kontra a ak tout egzijans ki ladan l' yo, mete nan tèt li se bon li bon, epi li di nan kè l': Koulye a, mwen pa bezwen pè anyen. Mwen gen dwa fè sa m' pi pito, sa ap lakòz nou tout ap mouri, inonsan kou koupab.
Nehemiah 5:8Epi mwen di: -Nou fè sa nou te kapab pou nou te rachte frè jwif parèy nou yo ki te vann tèt yo bay moun lòt nasyon pou sèvi yo esklav. Koulye a, se nou menm jwif k'ap fòse jwif parèy nou vann tèt yo bay jwif parèy yo! Tout moun rete bouch pe, yo pa t' gen anyen pou reponn nan sa.
Jeremiah 23:1Madichon pou chèf sa yo ki tankou move gadò k'ap touye, k'ap gaye bann mouton m' mete sou kont yo a. Se Seyè a menm ki di sa.
Ezekiel 22:25Chèf ki rete nan peyi a tankou lyon k'ap gwonde bò yon bèt yo fin touye. Yo devore moun, yo pran tout richès ak tout byen yo jwenn. Se pa de fanm yo kite san mari.
Ezekiel 34:3Nou bwè lèt mouton yo, nou pran lenn sou do yo pou fè rad mete sou nou, nou touye sa ki pi gra yo pou nou manje. Men, nou pa janm swen mouton yo.
Ezekiel 34:10Wi, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di nou: M'ap leve dèyè nou! M'ap wete mouton yo nan men nou. Mwen p'ap kite nou reskonsab mouton m' yo ankò. Konsa nou p'ap rete chita ap angrese tèt nou ase sou do mouton m' yo. Wi, m'ap wete mouton m' yo anba dan nou. Nou p'ap ka pwofite sou yo ankò.