Zechariah 11:9
Lè sa a, mwen di pèp la: -Mwen p'ap swen nou ankò. Sa ki pou mouri mèt mouri! Sa ki pou disparèt mèt disparèt! Sa ki rete yo menm, yonn mèt manje lòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:53Lè lènmi nou yo va sènen nou nan lavil nou yo, y'a mete nou nan yon sèl kalite mizè ak kè sere, n'a sitèlman grangou, n'a manje pwòp pitit nou yo, pitit gason ak pitit fi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.
Isaiah 9:19Seyè ki gen tout pouvwa a te sitèlman move, li fini ak peyi a. Se tankou yon dife k'ap boule tout moun nan peyi a. Pesonn pa ka sove pesonn.
Jeremiah 15:2Lè y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo: Men sa Seyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo!
Jeremiah 23:33Seyè a di m': -Jeremi, lè yon moun nan pèp la, osinon yon pwofèt, ou ankò yon prèt mande ou ki chay Seyè a ban nou pote, w'a reponn yo: Se nou menm ki yon chay pou Seyè a. Li pral lage nou atè. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 43:11Lè l'a rive, l'ap kraze peyi Lejip. Moun ki pou mouri anba move maladi va mouri, moun yo gen pou depòte yo, y'a depòte yo, moun pou l' fè touye yo, l'a fè touye yo.
Zechariah 13:8Nan tout peyi a, sou chak twa moun, de pral mouri, yonn va rete.