Zechariah 13:8
Nan tout peyi a, sou chak twa moun, de pral mouri, yonn va rete.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:49Seyè a pral mennen yon nasyon soti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul.
Isaiah 65:12m'ap fè nou mouri nan lagè. Nou tout nou pral bese do nou pou yo koupe kou nou, paske mwen te rele nou, nou pa t' reponn. Mwen pale nou, nou pa t' koute m'. Nou fè sa ki mal devan je m', nou pito fè sa ki p'ap fè m' plezi.
Isaiah 66:24Lè y'ap kite lavil la, y'a wè kadav moun ki te vire do ban mwen yo. Vè k'ap manje yo p'ap janm mouri, dife k'ap boule yo a p'ap janm tenyen. Tout moun sou latè pral gen kè plen lè y'a wè sa!
Ezekiel 5:2Lè y'a sispann sènen lavil la, w'a boule yon premye pil nan mitan lavil la. W'a pran yon dezyèm pil, w'a koupe l' ti moso ti moso avèk nepe a pandan w'ap fè tou lavil la pa deyò. Dènye pil cheve a menm, w'a voye l' anlè pou van pote yo ale. Mwen menm, m'a kouri dèyè yo ak nepe mwen.
Daniel 9:27Chèf sa a pral siyen yon kontra solid avèk anpil lòt pèp pandan sètan. Men, sou twazan sis mwa l'ap fè yo sispann touye bèt ak fè ofrann pou Bondye. Yo pral mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan chita byen wo nan Tanp lan. L'ap rete la jouk moun ki va mete l' la a va kontre ak bout li, jan Bondye pare sa pou li a.
Amos 9:8Mwen voye je m' sou pèp Izrayèl la, mwen wè jan yo lage kò yo nan fè sa ki mal. Mwen pral disparèt yo sou latè. Men, mwen p'ap fin touye tout pitit Jakòb yo nèt. Non. Mwen pa ka fè sa. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.