Zechariah 12:7
Premye moun Seyè a ap delivre, se va moun Jida yo. Konsa, lwanj y'a fè pou pitit pitit David yo ak pou pèp Jerizalèm lan p'ap pi gwo pase lwanj y'ap fè pou rès moun Jida yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 19:5Nou konprann nou pi bon pase m'. Nou di se paske mwen antò kifè m'ap pase tray sa a.
Psalms 38:16(038:17) Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape.
Isaiah 2:11Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf.
Jeremiah 9:23Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.
Amos 9:11Seyè a di: Yon jou gen pou rive! Jou sa a, m'a mete peyi wa David la kanpe ankò sou de pye l'. Koulye a li tankou yon kay k'ap fin kraze. Lè sa a, m'a repare tout kote ki fann yo. M'a refè miray ki te fin kraze yo. M'ap rebati peyi a jan l' te ye nan tan lontan an.
Zechariah 11:11Jou sa a, kontra a te kase. Moun k'ap fè trafik mouton yo te rete la ap gade m'. Yo vin konprann sa m' te fè a. Yo rekonèt se yon mesaj Seyè a t'ap ba yo.