Zechariah 13:4
Lè sa a, pwofèt yo pral wont lè y'a fè yon vizyon. Yo p'ap mete rad fèt ak twal yo te konn gen sou yo. Yo p'ap ka bay manti ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 20:2Men anvan sa, Seyè a te pale ak Ezayi, pitit Amòz la. Li te di l': Wete rad sak kòlèt ki sou ou a ak sapat ki nan pye ou la. Se sa menm Ezayi te fè. Se konsa li t'ap mache toutouni pye atè nan lari.
Jeremiah 6:15Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Micah 3:7Moun k'ap fè prediksyon yo pral wont. Divinò yo p'ap konnen sa pou yo di. Yo pral rete men nan bouch, paske Bondye p'ap reponn yo.
Matthew 11:8Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki mete bèl rad, se kay wa a yo jwenn yo.
Revelation 11:3M'ap voye de temwen m' yo ak rad sak sou yo, pou yo fè konnen mesaj Bondye a pandan mil desanswasant (1.260) jou.