Isaiah 65:12
m'ap fè nou mouri nan lagè. Nou tout nou pral bese do nou pou yo koupe kou nou, paske mwen te rele nou, nou pa t' reponn. Mwen pale nou, nou pa t' koute m'. Nou fè sa ki mal devan je m', nou pito fè sa ki p'ap fè m' plezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:25M'ap fè lènmi nou yo vin fè nou lagè poutèt kontra m' nou pa kenbe a. Lè sa a, n'a anpile kò nou nan lavil yo pou chache pwoteksyon, m'a voye tout kalite move maladi sou nou, jouk n'a blije rann tèt nou bay lènmi nou yo.
2 Chronicles 36:15Seyè a, Bondye zansèt yo a, pa t' manke voye pwofèt pou avèti pèp li a, paske li pa t' vle anyen rive ni pèp li a ni Tanp li a.
Isaiah 1:16Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!
Isaiah 10:4Adye! Y'ap fè nou prizonye. Y'ap depòte nou, si nou pa gen tan mouri nan lagè. Men, se poko sa toujou. Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!
Isaiah 41:28Lè mwen gade nan tout bondye nou yo, mwen pa wè yonn ki te gen anyen pou l' te di. Pa t' gen yonn ki ta kapab reponn mwen si m' ta mande l' anyen.
Isaiah 59:15Pa gen moun serye ankò! Si ou pa fè tankou tout moun, se ou k'ap anba. Seyè a wè sa. Sa te fè l' mal paske pa t' gen jistis nan peyi a.