Zechariah 14:2
Seyè a pral sanble tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak lavil Jerizalèm. Y'ap pran lavil la, y'ap piye tout kay yo, y'ap fè kadejak sou medam yo. Yo pral depòte mwatye nan moun yo. Men, rès pèp la ap rete nan lavil la.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Lèfini, Seyè a pral parèt pou li al goumen ak nasyon yo, jan li te konn goumen nan tan lontan an.
Cross References
Isaiah 4:3Lè sa a, moun ki rete nan sa ki te sou mòn Siyon an, moun ki va chape anba lanmò pami sa ki te lavil Jerizalèm lan, y'a rele yo: moun Bondye mete apa pou li. Bondye va kite yo viv lavil Jerizalèm.
Isaiah 13:16Y'ap krabinen ti pitit yo la devan je yo, y'ap piye kay yo, y'ap fè kadejak sou madanm yo.
Isaiah 65:18Sa m' pral fè a ap bay kè kontan, moun ap fè fèt san rete. Mwen pral fè yon lòt lavil Jerizalèm kote tout moun pral fè fèt. Moun li yo pral kontan.
Lamentations 1:10Lènmi l' yo vòlò tout bèl bagay li te genyen. Moun Bondye te defann mete pye nan tanp lan, li wè yo antre ata kote yo mete apa pou Bondye a.
Daniel 2:40Apre sa ankò, va gen yon katriyèm pèp k'ap pran gouvènman an. L'ap di kou fè. L'ap kraze brize. Menm jan fè kraze tout bagay, se konsa l'ap kraze lòt nasyon yo, l'ap fè yo tounen pousyè.
Amos 7:17Poutèt sa, Amatsya, men sa Seyè a di: Madanm ou ap tounen jennès nan lavil la! Pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo ap mouri nan lagè! Y'ap pran tè ou yo, y'ap separe yo moso pa moso. Ou menm, ou gen pou ou mouri nan yon peyi etranje kote yo pa sèvi Seyè a. Pèp Izrayèl la menm, y'ap pran l', y'ap depòte l' byen lwen peyi l'.