Zechariah 14:3
Lèfini, Seyè a pral parèt pou li al goumen ak nasyon yo, jan li te konn goumen nan tan lontan an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:1Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.
Joshua 10:14Ni anvan sa, ni apre sa, pa janm gen yon jou tankou jou sa a lè Seyè a te fè sa yon moun te mande l' fè, epi li goumen pou pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 20:15Jaziyèl di konsa: -Louvri zòrèy nou, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm ansanm ak ou menm, wa Jozafa. Seyè a voye di nou: Pa dekouraje. Nou pa bezwen pè devan gwo lame sa a. Batay sa a se pa batay pa nou, se batay Bondye menm.
Isaiah 29:7Lè sa a, tout bann moun lòt nasyon yo ki t'ap fè lagè avèk lotèl Bondye a, tout gwo lame ki te anvayi peyi a, ki te sènen lavil la, ki t'ap toufounen l' kote l' te ye a, yo tout yo pral disparèt tankou yon move rèv ou t'ap fè, tankou yon vizyon w'ap fè nan mitan lannwit.
Isaiah 66:15Seyè a ap vin nan yon gwo dife. Li moute sou nwaj yon gwo tanpèt pou l' vin pini moun ki te fè l' fache yo, pou l' regle yo jan li te di l'ap regle yo a nan yon gwo boukan dife.
Daniel 2:44Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.