Zechariah 14:7
Se va yon jou ki p'ap tankou lòt jou yo. Ap fè klè nèt. p'ap gen lannwit ankò. Se Seyè a sèl ki konnen lè sa va rive.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Lè jou sa a va rive, p'ap gen limyè, p'ap fè fredi, dlo p'ap fè glas.
Cross References
Isaiah 9:7Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre!
Isaiah 30:26Jou Seyè a pral mete renmèd sou kote ki te blese nan pèp la, jou l'ap geri tout kote pèp la te blese a, lalin pral klere tankou solèy, limyè solèy la menm pral sèt fwa pi klere, ou ta di limyè sèt jou mete ansanm. Wi, tou sa pral rive jou Seyè a.
Isaiah 60:20Solèy nou an p'ap janm kouche ankò. Lalin nou an p'ap janm disparèt. Se Seyè a menm ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Jou lafliksyon nou yo fini.
Daniel 12:4Li di m' ankò: -Bon. Koulye a, Danyèl, fèmen liv la. Sele l' byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sa k'ap pase. Lè sa a, plis konesans pral gaye toupatou sou latè.
Matthew 24:36Men, pesonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.
Acts 1:7Jezi reponn yo: Nou pa bezwen konnen ki jou ni ki lè sa va fèt. Se Papa a ki fikse dat la li menm, pou kont li.