Zechariah 2:11
Lè sa a, anpil nasyon va vin jwenn Seyè a pou yo sèvi l'. Se pèp pa li menm y'ap ye. L'a vin rete nan mitan yo. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:27(022:28) Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.
Psalms 72:8L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.
Isaiah 2:2Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.
Isaiah 19:24Lè sa a, peyi Izrayèl la va sou menm pye ak peyi Lejip ansanm ak peyi Lasiri: twa nasyon sa yo va yon benediksyon pou tout moun sou latè.
Isaiah 45:14Men sa Seyè a di ankò: -Tout pwofi travay moun Lejip yo ak pwofi kòmès moun Letiopi yo pral vin pou nou. Moun bèl wotè ki rete nan peyi Seba yo va pase nan peyi nou an, y'a vin esklav nou. Y'a mache dèyè nou tankou prizonye nan chenn. Y'a mete ajenou devan nou, y'a lapriyè nan pye nou, y'a di: Se lakay nou ase Bondye rete. Nanpwen lòt bondye tankou li. Nanpwen lòt bondye pase l'.
Isaiah 49:22Men sa Seyè a, Bondye a, di ankò: M'ap fè nasyon yo siyon ak men m'. M'ap leve drapo m' pou m' avèti pèp yo. Se yo menm ankò ki pral pran pitit gason nou yo sou do yo, k'ap mete pitit fi nou yo sou zepòl yo pou mennen yo tounen lakay nou.