Zechariah 2:10
Seyè a di ankò: -Nou menm moun lavil Jerizalèm, chante! Fè kè nou kontan! Men m'ap vini pou m' rete nan mitan nou! Se mwen menm, Seyè a, ki di sa!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:12M'a toujou la nan mitan nou, se mwen menm k'ap Bondye nou, se pèp mwen n'a ye.
Psalms 40:7(040:8) Lè sa a mwen di: -Men mwen, mwen vini, jan sa ekri sou mwen nan liv la.
Psalms 68:18(068:19) Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo.
Isaiah 12:6Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.
Isaiah 40:9Nou menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo, gaye bon nouvèl la! Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò, gaye bon nouvèl la! Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè! Di moun lavil peyi Jida yo men Bondye nou an ap vini!
Isaiah 48:20Soti kite lavil Babilòn! Sove kò nou lakay moun Kalde yo! Gaye nouvèl la ak kè kontan. Mache fè konnen l' toupatou. Seyè a delivre Izrayèl, sèvitè li a.