Zechariah 3:8
Koute byen, ou menm Jozye, granprèt la, ansanm ak prèt parèy ou yo ki la devan ou. Nou pral sèvi remak pou bagay ki gen pou rive a. M'ap fè sèvitè m' lan, sa yo rele Boujon an, vini.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 71:7Lavi m' se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k'ap pwoteje m' ak tout fòs ou.
Isaiah 8:18Men mwen ansanm ak tout pitit Seyè a ban mwen yo! Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm ki rete sou mòn Siyon an, li fè nou tounen yon siy nan mitan pèp la pou nou moutre sa ki pral rive.
Isaiah 20:3Lanne yo te pran lavil Asdòd la, Seyè a di konsa: -Ezayi, sèvitè m' lan, te rete toutouni pye atè pandan twazan. Sa se yon siy ak yon avètisman pou sa ki pral rive peyi Lejip ak peyi Letiopi.
Isaiah 49:3Li di m': Izrayèl, se sèvitè m' ou ye! W'ap sèvi yon lwanj pou mwen!
Isaiah 52:13Seyè a di: -Men li, sèvitè m' lan va wè tout travay li ap mache byen! L'a vin grannèg. Moun va konsidere l' anpil. Y'a pote l' anlè!
Isaiah 53:11Apre tout soufrans sa yo, l'a jwenn kè kontan ankò. L'a konnen li pa t' soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l'. L'a fè Bondye fè yo gras.