Zechariah 3:7
-Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ou: Si ou fè sa mwen di ou fè, si ou swiv lòd mwen ba ou yo, se ou menm ki pral gouvènen kay mwen an. W'a reskonsab lakou m' lan. M'a koute lapriyè ou menm jan mwen koute lapriyè zanj ki devan m' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Apre sa, zanj Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa:
Cross References
Genesis 26:5tout sa, paske Abraram te tande m' lè m' te pale avè l', li te swiv tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen yo. Li te fè tout sa mwen mande l', li te obeyi tout lwa mwen yo.
Leviticus 10:3Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.
1 Samuel 2:28Nan tout branch fanmi pèp Izrayèl yo se fanmi pa li a mwen te chwazi pou sèvi m' prèt devan lotèl mwen, pou yo boule lansan, pou pote ti jile prèt yo devan m'. Epi mwen ba yo dwa pou yo pran yon pòsyon nan tout bèt yo ofri pou boule pou mwen sou lotèl la.
1 Chronicles 23:32Se yo menm tou ki te reskonsab okipe Tant Randevou a, ak kote yo mete apa pou Seyè a, ak prèt yo, fanmi yo ki soti nan branch fanmi Arawon an, lè y'ap sèvi nan Tanp lan.
Ezekiel 44:8Yo derefize pran reskonsablite fè sèvis pou mwen nan Tanp lan. Yo mete moun lòt nasyon pou fè sèvis pou yo nan Tanp lan.
Ezekiel 48:11Moso tè sa a va rete pou prèt ki soti nan fanmi Zadòk, prèt yo te mete apa pou mwen an, paske se yo menm ki te kenbe fèm nan sèvis mwen, ki pa t' pèdi tèt yo lè rès pèp Izrayèl la te pèdi tèt yo ansanm ak lòt moun branch fanmi Levi yo.