Zechariah 5:3
Epi li di m': -Se madichon ki pral tonbe sou tout latè. Dapre sa ki ekri sou yon bò liv la, yo pral fè tout vòlò disparèt nan peyi a. Dapre sa ki ekri sou lòt bò a, moun k'ap fè sèman pou bay manti pral disparèt nan peyi a tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 19:11Piga nou pran sa ki pa pou nou. Piga nou yonn twonpe lòt. Piga nou bay frè parèy nou manti.
Deuteronomy 11:28Men se va madichon pou nou si nou pa vle mache dapre kòmandman Seyè a, Bondye nou an, si nou kite chemen mwen mande nou pou nou swiv jòdi a pou n' al kouri dèyè lòt bondye nou pa janm konnen.
Deuteronomy 28:15Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:
Deuteronomy 29:19Si yon moun, apre li fin tande sa ki di nan kontra a ak tout egzijans ki ladan l' yo, mete nan tèt li se bon li bon, epi li di nan kè l': Koulye a, mwen pa bezwen pè anyen. Mwen gen dwa fè sa m' pi pito, sa ap lakòz nou tout ap mouri, inonsan kou koupab.
Psalms 109:17Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon.
Proverbs 29:24Moun ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tèt li. Si li denonse vòlò a, y'ap pini l'. Si li pa denonse l', madichon Bondye ap tonbe sou li.