Zechariah 5:4
Seyè ki gen tout pouvwa a di konsa se li menm menm ki voye madichon sa a pou li antre nan kay tout moun k'ap vòlò, ak nan kay tout moun k'ap pran non m' fè sèman pou bay manti. L'a rete nan kay moun sa yo. Tankou dife, l'ap boule tout bwa ak tout wòch kay yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Zanj ki t'ap pale avè m' lan parèt ankò, li di m' konsa: -Leve je ou. Gade sa k'ap vin koulye a.
Cross References
Deuteronomy 7:26Konsa tou, pa pran ankenn nan zidòl sa yo pou nou mete anndan lakay nou, pou menm madichon ki sou yo a pa tonbe sou nou tou. Se pou nou konsidere yo pou move bagay, pou vye bagay sal. Se bagay ki madichonnen, bagay ki fèt pou disparèt nèt.
Joshua 9:20Konsa, poutèt sèman nou te fè a, se pou nou kite yo viv. Paske, si nou fè yo anyen, Bondye va pini nou.
Job 8:22Men, l'ap fè moun ki pa vle wè ou yo wont. Fanmi mechan yo va disparèt.
Job 20:26Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li.
Habakkuk 2:9Madichon pou moun k'ap vòlò pou fè fanmi yo rich, k'ap bati kay sou mòn pou malè pa rive yo!
James 5:2Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo.