Zechariah 6:12
Lèfini, w'a pale avè l', w'a di l': Men sa Seyè a di: Men moun yo rele Boujon an. Li pral pouse kote li ye a. Li pral rebati kay ki apa pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 3:8Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman tanp Seyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan tanp Seyè a.
Psalms 80:15(080:16) vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a.
Isaiah 11:1Menm jan yon ti plan pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la.
Isaiah 53:2Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pa t' bèl gason, li pa t' gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l'. Li pa t' sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l'.
Jeremiah 33:15Jou sa a, lè sa a, m'a fè yon nonm soti nan fanmi David la pou gouvènen yo. Se va yon wa ki va fè sa ki dwat, ki p'ap nan patipri.
Micah 5:5L'a fè tout moun viv byen yonn ak lòt. Lè moun peyi Lasiri yo va anvayi peyi nou an, lè y'a pwonmennen mache nan tout peyi a, n'a voye sèt chèf, n'a voye wit menm al konbat yo.