Zechariah 6:13
Se li menm ki pral rebati kay ki apa pou Seyè a. Yo pral konsidere l' tankou yon wa. Li pral chita sou fòtèy la pou l' gouvènen pèp mwen an. Va gen yon prèt bò kote l'. Y'a travay ansanm ak kè poze.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 14:18Mèlkisedèk menm ki te wa peyi Salèm fè pote pen ak diven vini. Se yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la li te ye.
Psalms 21:4(021:5) Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.
Psalms 45:3(045:4) Ou menm vanyan gason, pase nepe ou nan ren ou, pou moun ka wè jan ou gen pouvwa, pou yo ka gen respè pou ou.
Psalms 85:9(085:10) Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo.
Psalms 110:4Seyè a te sèmante, l'ap toujou kenbe pawòl li: -Ou se prèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.
Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!