Zechariah 8:13
Nou menm moun Jida ak moun Izrayèl, menm jan yon lè mwen te fè nou tounen yon madichon nan mitan lòt nasyon yo, konsa tou m'a delivre nou, m'a fè nou tounen benediksyon nan mitan lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pè. Pran kouraj!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:2M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
Deuteronomy 26:19L'ap fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon li te fè yo. N'a gen pouvwa pase yo, n'a gen repitasyon pase yo, y'a respekte nou pase yo. Wi, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Seyè a, Bondye nou an, jan l' te di l' la.
Deuteronomy 29:23Y'a wè tout peyi a kouvri anba souf ak sèl, tout tè a boule. Lè sa a, moun p'ap ka simen anyen nan tè a, ankenn plant p'ap ka pran ladan l'. Pa menm vye zèb p'ap ka pouse. Peyi nou an va tankou lavil Sodòm ak Gomò, tankou lavil Adma ak Siboyen, lavil Seyè a te detwi nèt lè l' te ankòlè a, lè l' te move anpil la.
1 Kings 9:7lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.
2 Chronicles 7:20lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase l' nan betiz, y'a fè chante sou li.
Psalms 44:16(044:17) Lè m' tande moun k'ap joure m' yo, moun k'ap vekse m' yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m' devan lènmi ak moun ki pa vle wè m' yo, lawont fè m' bouche figi m'.