Zechariah 8:14
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Lè zansèt nou yo te fè m' fache sou yo, mwen te pran desizyon pou m' te pini yo. Mwen pa t' chanje lide.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 36:16Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò.
Isaiah 14:24Seyè ki gen tout pouvwa a fè sèman, li di konsa: -Sa se sèten. Sa m' te fè lide fè a, m'ap fè l'. Sa m' te deside fè a ap rive vre.
Jeremiah 15:1Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Menm si Moyiz ak Samyèl ta kanpe la pou plede avè m' pou yo, mwen pa t'ap gen pitye pou pèp sa a. Wete yo devan je m'. Fè yo ale.
Jeremiah 29:11Se mwen ki konnen sa m' gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n'ap tann lan.
Ezekiel 24:14Se mwen menm, Seyè a, ki pale. Lè a rive pou m' fè sa m' te di m'ap fè a. Mwen p'ap chanje lide. M'ap san pitye, mwen p'ap pran priyè. Yo pral pini ou pou sa ou te fè, pou jan ou te mennen bak ou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.
Zechariah 1:6Men, sa m' te di nan pawòl ak lòd mwen te bay pwofèt yo, sèvitè m' yo, pou zansèt nou yo, èske sa pa rive yo vre? Lè sa a, yo vin règrèt sa yo te fè a. Yo rekonèt mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen te pini yo pou jan yo t'ap viv la, pou tou sa yo te fè ki mal, jan mwen te soti pou m' fè l' la.