Zechariah 9:6
Moun san mele yo pral rete lavil Asdòd. M'ap kraze lògèy moun Filisti yo.
Bib La
In The King James Version
And a bastard shall dwell in Ashdod, and I will cut off the pride of the Philistines.
In Context
Cross References
Ecclesiastes 6:2Bondye bay yon moun richès, pozisyon, byen, lwanj. Wi, Bondye ba li tou sa li bezwen san manke yonn. Men Bondye pa kite l' jwi yo. Se yon etranje k'ap jwi yo pito. Tou sa pa vo anyen. Se bagay ki rèd anpil.
Isaiah 23:9Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te pran desizyon sa a. Li fè sa pou kraze lògèy yo te genyen pou tout bèl bagay yo te fè, pou l' te ka trennen tout grannèg peyi a nan labou.
Daniel 4:37Koulye a, mwen menm Nèbikadneza, m'ap fè fèt pou wa ki nan syèl la, m'ap fè lwanj pou li, m'ap di jan li gen pouvwa. Tou sa li fè bon. Li pa fè paspouki pou pesonn. Li konn jan pou l' fè ak moun ki kite lògèy vire tèt yo. L'ap desann kòlèt yo.
Zephaniah 2:10Se sa ki pral rive moun Moab yo ak moun Amon yo, paske yo te gen lògèy, yo t'ap pale pèp Seyè ki gen tout pouvwa a mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.