Zechariah 9:5
Moun lavil Askalon yo pral wè sa, yo pral pè. Moun Gaza yo pral tranble kou fèy bwa. Moun lavil Ekwon yo tou, paske yo p'ap jwenn sa yo t'ap tann lan. Lavil Gaza pral pèdi wa li a. Lavil Askalon pral rete san moun ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Moun san mele yo pral rete lavil Asdòd. M'ap kraze lògèy moun Filisti yo.
Cross References
Isaiah 14:28Lanne wa Akaz te mouri a, men mesaj Bondye te bay lè sa a:
Isaiah 20:5Moun ki te konte sou peyi Letiopi ak moun ki t'ap fè lwanj peyi Lejip yo pral wont, yo pral dekouraje.
Jeremiah 47:4Lè a rive pou yo ravaje tout peyi Filisti a nèt, pou yo disparèt tout rès moun ki t'ap bay lavil Tir ak lavil Sidon konkou. Se mwen menm Seyè a k'ap detwi tout moun Filisti yo, tout moun ki soti nan lil Krèt la.
Jeremiah 51:8Men Babilòn rete konsa li tonbe, li kraze. Plenn sò li! Chache renmèd pou doulè l' yo. Nou pa janm konnen, li ka geri.
Ezekiel 26:15Men sa Seyè sèl Mèt la voye di moun lavil Tir yo: Lè lavil la va tonbe nan men lènmi l' yo, lè y'a pran masakre moun ladan l', lè moun y'ap touye yo ap rele, moun ki rete tout bò gwo lanmè a va tranble.
Zephaniah 2:4p'ap rete yon moun lavil Gaza. Lavil Askalon ap tounen yon dezè. Gwo midi, y'ap mete tout moun Asdòd yo deyò. Y'ap depòte tout moun Ekwon yo.