Zephaniah 1:13
Se sa yo kwè! Y'ap piye tout richès yo, y'ap kraze tout kay yo. Y'ap bati kay, men yo p'ap menm gen tan antre ladan yo. Y'ap plante pye rezen, men yo p'ap menm gen tan pran fre diven an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:30N'a fiyanse ak yon fi, men se yon lòt gason ki va kouche ak li. N'a bati yon kay, men nou p'ap janm rete ladan l'. N'a plante yon jaden rezen, men nou p'ap janm jwi l'.
Deuteronomy 28:51Y'a manje pwofi bèt nou yo, ak rekòt jaden nou yo jouk y'a kite nou mouri grangou. Yo p'ap kite anyen pou nou, ni farin, ni diven, ni lwil, ni pòte bèf nou yo ni pòte mouton nou yo, jouk y'a fini nèt ak nou.
Isaiah 6:11Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.
Isaiah 65:21Moun va bati kay pou yo rete. Y'a plante jaden rezen pou yo manje rezen.
Jeremiah 4:20Y'ap anonse malè sou malè! Y'ap fini ak tout peyi a. Nou rete konsa, nou wè yo kraze tout tant nou yo. Yo demoli tout kay andeyò nou yo.
Jeremiah 9:11M'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon pil mazi kote chat mawon rete. M'ap fè tout lavil peyi Jida yo tounen dezè san pesonn ladan yo.