Zephaniah 3:13
Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p'ap nan fè moun mal, yo p'ap nan bay manti, yo p'ap nan twonpe moun. Y'a manje, y'a dòmi, anyen p'ap fè yo pè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 20:30Se konsa rèy Jozafa a pase dous, san bri san kont. Bondye te fè tout peyi ki te nan vwazinaj yo viv byen avè l'.
Psalms 119:3Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo.
Isaiah 10:20Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti rès moun pèp Izrayèl la, sa ki te chape anba lanmò nan fanmi Jakòb la, p'ap konte ankò sou pèp ki te twaka fini ak yo a. Y'a mete konfyans yo tout bon nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Isaiah 17:2Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pesonn pa chase yo met deyò.
Isaiah 54:14Ou pral kanpe fèm paske tout moun ap mache dwat lakay ou. Pa fè mechanste. Ou pa bezwen pè pesonn. Ou pa bezwen gen kè sote. Anyen p'ap rive ou.
Isaiah 63:8Seyè a te di se pèp mwen yo ye, m' sèten yo p'ap fè m' wont. Se konsa, li delivre yo