1 Chronicles 1:17
Men non pitit Sèm yo: Elam, Asou, Apachad, Lidi, Aram. Men non pitit Aram yo: Ouz, Oul, Getè ak Mechèk. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
16moun Avad yo, moun Zema yo ak moun Amat yo.
18Apachab te papa Chelak, Chelak te papa Ebè.
Cross References
Genesis 10:21Sèm te gran frè Jafè. Li te gen anpil pitit tou. Se li ki te zansèt tout pitit Ebè yo.
Genesis 11:10Men pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan (0100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad.
Numbers 23:7Lèfini, li pran chante chante sa a: -Balak fè m' kite peyi m', peyi Aram. Wa Moab la fè m' desann soti nan mòn bò solèy leve yo. Li di m': Vini non! Vin bay moun Jakòb yo madichon. Vini non! Vin kraponnen moun Izrayèl yo.
Ezra 4:2Yo vin jwenn Zowobabèl ak chèf fanmi yo, yo di yo konsa: -Kite nou mete men ansanm ak nou nan travay pou rebati tanp lan, paske nou menm tou se menm Bondye a nou adore ak nou. Epi, depi lè Esaradon, wa peyi Lasiri a, te fè nou vin rete isit la, n'ap ofri bèt pou yo touye pou li.
Isaiah 11:11Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.
Isaiah 22:6Sòlda peyi Elam yo moute sou cha yo ak sou chwal yo. Banza yo ak flèch yo tou pare, y'ap vini. Lame peyi Ki a pran zam pou pare kou yo.