The Bible Software
bible.software › 1 Chronicles › 1 Chronicles 11 › 1 Chronicles 11:4

1 Chronicles 11:4

David mache sou lavil Jerizalèm ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo. Lè sa a, lavil la te rele Jebis. Se moun Jebis yo, premye moun ki te rete nan peyi a, ki t'ap viv la toujou.

Bib La

In The King James Version

And David and all Israel went to Jerusalem, which is Jebus; where the Jebusites were, the inhabitants of the land.

In Context

3Se konsa, tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou, jan Seyè a te fè pwomès la nan bouch pwofèt Samyèl.

5Moun Jebis yo te di David: Ou p'ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Men David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la.

Read all of 1 Chronicles 11

Cross References

Genesis 10:16Se Kanaran tout ki papa Jebis, Amori, Gigach,

Exodus 3:17Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou soti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.

Joshua 15:63Men, moun Jida yo pa t' janm rive mete bann moun Jebis ki te rete lavil Jerizalèm yo deyò. Kifè, jouk jòdi a moun Jebis yo rete lavil Jerizalèm ansanm ak moun Jida yo.

Judges 1:21Men, moun branch fanmi Benjamen yo pa t' mete moun Jebis yo deyò nan lavil Jerizalèm. Se konsa moun Jebis yo rete ap viv ansanm ak moun Benjamen yo nan lavil Jerizalèm jouk jòdi a.

2 Samuel 5:6Apre sa, wa David pati pou lavil Jerizalèm ansanm ak sòlda li yo, li al atake moun Jebis yo ki te rete nan zòn sa a. Moun Jebis yo te konprann David pa ta ka antre pran lavil la. Yo di l' konsa: -Ou p'ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Ata moun je pete ak moun enfim ka gen kont fòs pou mete ou deyò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Chronicles 11:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Chronicles 11:31 Chronicles 111 Chronicles 11:5 →