The Bible Software
bible.software › 1 Chronicles › 1 Chronicles 11 › 1 Chronicles 11:3

1 Chronicles 11:3

Se konsa, tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou, jan Seyè a te fè pwomès la nan bouch pwofèt Samyèl.

Bib La

In The King James Version

Therefore came all the elders of Israel to the king to Hebron; and David made a covenant with them in Hebron before the LORD; and they anointed David king over Israel, according to the word of the LORD by Samuel.

In Context

2Depi lontan, menm sou rèy wa Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' ale. Lèfini ankò, Seyè a, Bondye ou la, te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la. Se ou menm ki pral chèf yo.

4David mache sou lavil Jerizalèm ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo. Lè sa a, lavil la te rele Jebis. Se moun Jebis yo, premye moun ki te rete nan peyi a, ki t'ap viv la toujou.

Read all of 1 Chronicles 11

Cross References

1 Samuel 11:15Se konsa tout moun moute lavil Gilgal. Yo fè Sayil wa devan lotèl Seyè a. Yo touye bèt yo te ofri pou di Bondye mèsi. Sayil fè gwo fèt ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo lavil Gilgal.

1 Samuel 16:1Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa.

1 Samuel 16:12Se konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l' vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l' te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Seyè a di Samyèl: -Men li! Kanpe non, vide lwil sou tèt li.

1 Samuel 23:18De mesye yo koupe yon kontra pou yo toujou zanmi devan Seyè a. David rete lavil Oreya, Jonatan ale ale l' lakay li.

2 Samuel 2:4Apre sa, moun Jida yo rive lavil Ebwon, yo fè seremoni pou mete David apa pou sèvi wa peyi Jida. David vin pran nouvèl se moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, ki te antere Sayil.

2 Kings 11:17Apre sa, Jeojada, prèt la, pase yon kontra ant Seyè a ak wa a ansanm ak pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Seyè a yo ye. Li pase yon kontra tou ant wa a ak pèp la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Chronicles 11:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Chronicles 11:21 Chronicles 111 Chronicles 11:4 →