1 Chronicles 15:2
Epi li di: -Se moun Levi yo ase ki pou pote Bwat Kontra Bondye a, paske se yo menm Seyè a te chwazi pou pote Bwat la, se yo li te chwazi pou sèvi l' pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 3:6-Fè moun fanmi Levi yo pwoche. Mete yo ansanm ak Arawon, prèt la, pou yo ka ede l' nan travay l'ap fè a.
Numbers 4:2-Fè resansman tout pitit gason moun Keyat yo, nan branch fanmi Levi a, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.
Numbers 4:19Men sa pou nou fè pou yo pa mouri, pou yo ka viv, lè y'ap pwoche bò bagay ki apa nèt pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l' yo va antre anvan epi y'a bay chak moun travay pa yo, y'a di yo sa pou yo pote.
Numbers 8:13Mete moun Levi yo apa tankou yon kado espesyal moun yo fè m'. Mete yo sou zòd Arawon ak pitit gason l' yo.
Numbers 18:1Seyè a di Arawon konsa: -Se ou menm, pitit gason ou yo ansanm ak tout lòt moun nan branch fanmi Levi a, ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan tant yo mete apa pou Bondye a. Men, se ou menm ak pitit gason ou yo ase ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan travay prèt yo gen pou fè a.
Deuteronomy 31:9Apre sa, Moyiz ekri tout lalwa a, epi li renmèt li bay prèt yo, moun fanmi Levi yo ki te reskonsab Bwat Kontra Seyè a, ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.