1 Chronicles 13:2
Lèfini, David di pèp Izrayèl la: -Si nou wè se yon bon lide, si se volonte Seyè a, Bondye nou an, nou pral voye misyon bay tout frè nou yo ki rete toupatou nan tout peyi a, bay tout prèt yo ak tout moun Levi yo nan lavil kote yo rete ak nan savann kote yo fè gadinaj, pou yo vin mete tèt yo ansanm ak nou,
Bib La
In The King James Version
In Context
3pou n' al chache Bwat Kontra Bondye nou an, paske nou te bliye l' pandan tout rèy Sayil la.
Cross References
Exodus 18:23Si ou fè sa, Bondye va dirije ou. W'a kapab fè travay ou, epitou, tout pèp la va tounen lakay li ak kè poze.
Numbers 35:2-W'a bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pran nan pòsyon tè yo resevwa a kèk lavil pou yo bay moun Levi yo pou yo rete, ansanm ak savann ki toutotou lavil sa yo pou yo ka fè gadinaj.
2 Samuel 7:2Wa a pale ak pwofèt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Seyè a se anba yon kay twal li ye.
2 Kings 9:15Men, li te tounen lavil Jizreyèl fè mete renmèd sou kote sòlda peyi Siri yo te blese l' lè li t'ap goumen ak Azayèl, wa peyi Siri a. Lè sa a Jeou di moun ki te avè l' yo: —Si nou avè m' vre, pa kite pesonn soti lavil Ramòt al bay nouvèl la lavil Jizreyèl.
1 Chronicles 10:7Moun pèp Izrayèl yo ki te rete nan fon an te wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri epi Sayil ak pitit gason l' yo mouri. Lè sa a, yo leve kite lavil kote yo te rete yo, yo met deyò. Moun Filisti yo vini, yo pran lavil yo pou yo.
1 Chronicles 15:3Lèfini, li reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a.