1 Chronicles 21:17
David pale ak Seyè a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki te mande pou yo konte moun yo. Se mwen menm ki antò. Se mwen menm ki fè sa ki mal. Kisa moun sa yo fè? Se mouton yo ye. Tanpri, Seyè, Bondye mwen, pa voye ankenn malè sou pèp la. Se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:5Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
Joshua 22:18Men jòdi a, n'ap vire do bay Seyè a ankò. Si nou leve kont Seyè a jòdi a, denmen se sou tout pèp Izrayèl la li pral fache.
2 Samuel 12:10Koulye a, paske ou pa t' koute m', paske ou pran madan Ouri, moun Et la, pou madanm ou, nan fanmi ou ap toujou gen goumen.
2 Samuel 24:17David wè zanj lan ki t'ap touye moun yo, li pale ak Seyè a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki koupab. Se mwen menm ki fè sa ki mal la. Kisa inonsan sa yo fè? Tanpri, se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini!
1 Chronicles 21:8Lè sa a, David di Bondye: -Sa m' fè la a, se yon gwo peche. Koulye a, tanpri, padonnen m'. Pa bliye se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.
Psalms 51:4(051:6) Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije.