1 Chronicles 28:6
Seyè a te di m' tou: Se Salomon, pitit gason ou lan, ki va bati kay mwen an ak tout lakou yo. Se li menm mwen chwazi pou pitit mwen. M'a yon papa pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 7:13Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan.
1 Chronicles 17:11Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm.
2 Chronicles 1:9O Seyè, Bondye, kenbe pwomès ou te fè papa m' lan! Ou mete m' wa pou m' gouvènen yon pèp ki gen anpil anpil moun ladan l'. Yo pi plis pase grenn pousyè tè.
Hebrews 3:3Moun ki bati yon kay resevwa plis lwanj pase kay la. Konsa tou, Jezi resevwa yon pi gwo lwanj pase Moyiz.
Hebrews 4:5Li tounen sou menm pawòl la ankò, lè li di: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.