Genesis 14:22
Abram reponn wa Sodòm lan, li di l'. Mwen fè sèman devan Seyè a, Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a,
Bib La
In The King James Version
In Context
21Lèfini, wa Sodòm lan di Abram. Ou mèt gade tout byen yo pou ou. Men ban mwen moun yo sèlman.
Cross References
Genesis 14:19Li beni Abram, li di. Se pou Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, beni Abram.
Genesis 21:23Koulye a, fè sèman, isit la menm, devan Bondye, ou p'ap janm twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen yo, ni pitit pitit mwen yo. Mwen te aji byen avè ou. Pwomèt w'ap aji byen avè m' tou, epi w'ap sèvi byen ak tout moun nan peyi kote ou rete a.
Genesis 24:3Mwen vle pou ou fè sèman sou Seyè a, Bondye syèl la ak Bondye latè a, pou ou pa chwazi yon madanm pou pitit gason m' lan nan medam k'ap viv nan peyi Kanaran kote m' rete a.
Deuteronomy 10:14Gade non! Se pou Seyè a syèl la ak tou sa ki anwo nèt nan syèl la ye. Se pou li latè ak tou sa ki ladan l' lan ye.
Judges 11:35Lè Jefte wè li, li chire rad sou li sitèlman sa te fè l' lapenn, li di: -O pitit fi mwen! Ou touye papa ou. Poukisa se ou menm ki pou fè m' tout lapenn sa a! Mwen te fè yon gwo ve bay Seyè a. Koulye a m' pa ka pa kenbe l'.
1 Chronicles 29:11Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.