1 Corinthians 7:21
Si ou te esklav lè Bondye te rele ou la, pa chaje tèt ou pou sa. Men, si chans pou ou ou ka vin lib, pwofite chans lan.
Bib La
In The King James Version
Art thou called being a servant? care not for it: but if thou mayest be made free, use it rather.
In Context
20Se pou chak moun rete jan yo te ye lè Bondye te rele yo a.
Cross References
Luke 10:40Mat menm t'ap fatige kò l' ak tout travay ki te pou fèt nan kay la. Lè sa a, li vini, li di: Mèt, sa pa fè ou anyen pou ou wè sè m' lan kite m' ap fè tout travay la pou kont mwen? Manyè di l' ede m' non.
Luke 21:34Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè.
Galatians 3:28Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.
Philippians 4:11Si nou wè m'ap pale konsa, se pa paske koulye a mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m' aprann kontante tèt mwen ak sa m' genyen.
1 Timothy 6:1Tout moun k'ap sèvi kou domestik fèt pou gen anpil respè pou mèt yo. Konsa, pesonn p'ap kapab pale non Bondye a ni verite n'ap anonse a mal.
1 Peter 2:18Nou menm domestik yo, nou fèt pou soumèt devan mèt nou yo avèk tout respè yo merite. Pa sèlman devan mèt ki bon yo, mèt ki gen bon kè yo, men devan mèt ki gen karaktè difisil yo tou.