1 John 2:27
Pou nou menm, Kris la te voye Sentespri a sou nou. Toutotan Sentespri a nan kè nou, nou pa bezwen pesonn moutre nou anyen, paske Sentespri a ap moutre nou tout bagay. Sa l'ap moutre nou an se verite, se pa manti. Se poutèt sa, ann fè sa Sentespri a ap moutre nou, ann toujou fè yonn ak Kris la.
Bib La
In The King James Version
In Context
26M'ap ekri nou tou sa poutèt moun k'ap chache twonpe nou yo.
Cross References
Leviticus 7:35Se pòsyon sa yo pou yo pran nan ofrann yo fè pou boule pou Seyè a pou yo te bay Arawon ak pitit li yo, depi jou yo te mete yo apa pou sèvi prèt pou Seyè a.
Jeremiah 31:33Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen.
John 8:31Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre.
John 14:26Moun ki pou vin ankouraje nou an, se Sentespri. Se Papa m' k'ap voye l' nan non mwen. Sentespri sa a va moutre nou tout bagay, la fè nou chonje tou sa m' te di nou.
John 16:13Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.
Ephesians 4:21si tout bon vre nou te tande pale sou Kris la, si tout bon vre yo te moutre nou verite a jan l' ye nan Jezi, lè nou te mete konfyans nou nan li a.