1 John 2:28
Wi, pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, n'a gen konfyans. Wi, jou la vini an, nou p'ap wont devan l', yo p'ap kapab voye nou jete byen lwen li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 45:17Men, Seyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan. Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pesonn jouk sa kaba.
Malachi 4:5Jou m' lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m' voye pwofèt Eli.
Romans 9:33jan sa te ekri a: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch k'ap fè moun bite wi, yon gwo wòch k'ap fè moun tonbe. Men, moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.
1 Corinthians 15:23Men, chak moun va leve soti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve soti vivan lè Kris la va tounen ankò.
1 Thessalonians 2:19Se nou menm, moun Tesalonik, ki tout espwa mwen, se pa lòt moun. Se nou menm ki fè kè m' kontan. Se nou menm k'ap ban m' okazyon pou m' vante tèt mwen devan Jezi, Seyè nou an, lè la vini.
1 Thessalonians 5:23Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Seyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak ankenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou.