1 John 3:14
Nou menm, nou konnen nou soti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l', li mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Nou pa bezwen sezi, frè m' yo, si moun ki nan lemonn yo rayi nou.
Cross References
Psalms 16:3Tout plezi m' se pou m' toujou la avè moun k'ap sèvi Seyè a nan peyi a.
Matthew 25:40Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.
Luke 15:24Paske, pitit gason m' sa a te mouri, men li tounen vivan ankò; li te pèdi, koulye a mwen jwenn li. Epi, yo kòmanse fè fèt.
John 5:24Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.
John 15:12Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou.
2 Corinthians 5:1Wi, nou konnen lè kò nou gen sou latè a va demoli tankou yon kay, Bondye sere yon lòt kay nan syèl la, yon kay byen solid k'ap la pou tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou.