Jan 15:12
Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou.
Bib La
In The King James Version
This is my commandment, That ye love one another, as I have loved you.
In Context
11Mwen di nou tou sa pou kè kontan m' lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale.
13Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.
Cross References
John 13:34Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.
Ephesians 5:2Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l' la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l' pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.
1 Thessalonians 4:9Kanta renmen nou dwe genyen pou frè n' yo, mwen pa bezwen ekri nou sou sa. Paske, se Bondye menm ki te moutre nou ki jan nou dwe yonn renmen lòt.
1 Peter 1:22Koulye a, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou sa gen yon renmen sensè pou frè yo. Se sak fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou.
1 Peter 4:8Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.
1 John 3:11Paske, men mesaj nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt.