1 Kings 12:24
Men mesaj mwen menm Seyè a, mwen voye ba yo: Pa konprann pou n' al atake moun peyi Izrayèl yo. Se fanmi nou yo ye. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen, se mwen ki vle l' konsa. Moun yo koute lòd Seyè a vre, yo tout al lakay yo jan Seyè a te di yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 24:50Laban ak Betwèl reponn: -Bagay sa a se travay Seyè a, Bondye a. Nou pa gen anyen pou n' di nan sa.
Judges 14:4Papa l' ak manman l' pa t' konnen se Seyè a ki t'ap pouse Samson fè sa pou l' te ka jwenn yon okazyon gen kont ak moun Filisti yo. Lè sa a, se moun Filisti ki te chèf sou moun pèp Izrayèl yo.
1 Kings 12:15Se konsa wa a pa t' asepte fè sa pèp la te mande l' la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre.
2 Chronicles 11:4Men mesaj mwen menm Seyè a, mwen voye ba yo: Piga n' al goumen ak fanmi nou yo. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen. Se mwen menm ki vle l' konsa. Moun yo koute lòd Seyè a vre, yo pa moute al goumen ak Jewoboram.
2 Chronicles 25:7Men yon pwofèt Bondye vin di li: -Monwa, pa pran sòlda peyi Izrayèl sa yo ak ou nan lame a, paske Seyè a pa avèk moun peyi Izrayèl yo, avèk bann pitit Efrayim sa yo.
2 Chronicles 28:9Nan lavil Samari te gen yon moun yo te rele Odèd ki te pwofèt Bondye. Li soti al kontre lame moun peyi Izrayèl yo ki t'ap rive lavil Samari. Li di yo: -Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te fache sou moun peyi Jida yo. Se poutèt sa li lage yo nan men nou. Men koulye a, Bondye tande ki jan nou menm nou ansasinen yo ak raj.