The Bible Software
bible.software › 1 Kings › 1 Kings 13 › 1 Kings 13:2

1 Kings 13:2

Dapre lòd Seyè a te ba li a, pwofèt la pale byen fò, li bay mesaj sa a sou lotèl la: -Ou menm lotèl! Wi, ou menm lotèl! Men sa Seyè a di: Nan fanmi David la, gen yon timoun ki pral fèt, y'ap rele l' Jozyas. L'ap vini, l'ap pran tout prèt k'ap sèvi nan kay zidòl yo, prèt k'ap boule lansan sou ou yo, l'ap touye yo sou ou. Lèfini, sou ou ankò y'a boule zosman moun.

Bib La

In The King James Version

And he cried against the altar in the word of the LORD, and said, O altar, altar, thus saith the LORD; Behold, a child shall be born unto the house of David, Josiah by name; and upon thee shall he offer the priests of the high places that burn incense upon thee, and men’s bones shall be burnt upon thee.

In Context

1Lè sa a, Seyè a bay yonn nan pwofèt li yo ki te nan peyi Jida lòd pou li moute lavil Betèl. Lè li rive lavil Betèl, Jewoboram te kanpe bò lotèl la ap boule lansan.

3Menm jou sa a pwofèt la bay yon siy, li di konsa: -Lotèl sa a pral fann de bò. Sann dife ki sou li a pral gaye tout atè a. Lè n'a wè sa, n'a konnen se Seyè a menm ki pale nan bouch mwen.

Read all of 1 Kings 13

Cross References

Deuteronomy 32:1Ou menm syèl, tande sa mwen pral di la a! Koute byen, ou menm latè, pawòl ki pral soti nan bouch mwen!

2 Kings 22:1Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan. Manman l' te rele Jedida. Se te pitit fi Adaja, moun lavil Bozka.

2 Kings 23:16Lèfini, Jozyas voye je l' sou ti mòn lan, li wè yon bann tonm. Li fè detere zosman yo pou boule yo sou lotèl la. Se konsa li gate lotèl la, jan Seyè a te fè pwofèt la di l' la lè Jewoboram te kanpe bò lotèl la pandan fèt la. Apre sa, Jozyas voye je l' gade ankò, li wè tonm pwofèt ki te fè konnen bagay sa yo gen pou rive a.

2 Chronicles 34:4Li fè yo demoli devan je li tout lotèl kote yo te fè sèvis pou Baal yo. Li fè yo kraze tout recho kote yo te boule lansan sou lotèl yo. Li fè yo kraze an miyèt moso pòtre Achera ak pòtre tout lòt zidòl ak estati an bwonz yo. Apre sa, yo fè yo tounen poud, yo simen poud la sou tonm moun ki te konn fè sèvis pou yo.

Isaiah 1:2Seyè a di konsa: -Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Seyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen.

Isaiah 44:26Men lè sèvitè m' pale, mwen ba l' rezon. Lè mesaje m' yo bay yon pawòl, mwen fè l' rive vre. Mwen di moun va rete lavil Jerizalèm ankò. Yo pral rebati lavil peyi Jida yo. Lavil li yo ki te bandonnen pral kanpe ankò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Kings 13:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Kings 13:11 Kings 131 Kings 13:3 →