2 Chronicles 34:4
Li fè yo demoli devan je li tout lotèl kote yo te fè sèvis pou Baal yo. Li fè yo kraze tout recho kote yo te boule lansan sou lotèl yo. Li fè yo kraze an miyèt moso pòtre Achera ak pòtre tout lòt zidòl ak estati an bwonz yo. Apre sa, yo fè yo tounen poud, yo simen poud la sou tonm moun ki te konn fè sèvis pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:24Piga nou mete ajenou devan bondye lòt nasyon yo. Piga nou janm sèvi yo. Pa fè menm jan ak moun lòt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nèt, se pou nou kraze tout moniman yo fè pou yo.
Leviticus 26:30M'a detwi tout kay nou bati sou tèt mòn pou fè sèvis, m'a kraze lotèl lansan nou yo mete atè, m'a anpile kadav nou yo atè sou moso estati vye zidòl nou yo. N'a ban m' degoutans.
Deuteronomy 7:25N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm.
1 Kings 13:2Dapre lòd Seyè a te ba li a, pwofèt la pale byen fò, li bay mesaj sa a sou lotèl la: -Ou menm lotèl! Wi, ou menm lotèl! Men sa Seyè a di: Nan fanmi David la, gen yon timoun ki pral fèt, y'ap rele l' Jozyas. L'ap vini, l'ap pran tout prèt k'ap sèvi nan kay zidòl yo, prèt k'ap boule lansan sou ou yo, l'ap touye yo sou ou. Lèfini, sou ou ankò y'a boule zosman moun.
2 Kings 23:4Apre sa, Jozyas rele Ilkija, granprèt la, prèt ki te avè l' yo ak sòlda ki te desèvis nan pòt Tanp lan, li ba yo lòd al pran nan Tanp lan tout bagay yo te fè pou Baal, pou Achera ak pou zetwal yo, pote yo deyò. Wa a boule tout bagay sa yo andeyò lavil la, bò fon Sedwon an. Lèfini, li fè pote tout sann yo lavil Betèl.
2 Kings 23:11Li wete chwal wa Jida yo te mete apa pou sèvis bondye Solèy la. Li boule cha ki te konn sèvi nan sèvis pou solèy la. Se nan yon pyès nan lakou tanp lan yo te ye, toupre pòtay la, bò kay kote Netanmelèk, nèg konfyans wa a, te rete.