The Bible Software
bible.software › 1 Kings › 1 Kings 14 › 1 Kings 14:15

1 Kings 14:15

Seyè a pral pini pèp Izrayèl la. Yo pral tranble tankou pye wozo k'ap tranble bò kouran dlo. Li pral dechouke pèp Izrayèl la nan bon peyi li te bay zansèt yo a, li pral gaye yo lòt bò larivyè Lefrat, paske yo fè Seyè a fache lè yo fè estati pou zidòl Astate a.

Bib La

In The King James Version

For the LORD shall smite Israel, as a reed is shaken in the water, and he shall root up Israel out of this good land, which he gave to their fathers, and shall scatter them beyond the river, because they have made their groves, provoking the LORD to anger.

In Context

14Seyè a pral mete yon lòt wa pou gouvènen pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral disparèt fanmi Jewoboram lan. Se pou jòdi a wi sa m'ap di la a. Se pou koulye a menm.

16Seyè a pral lage pèp Izrayèl la paske Jewoboram te fè anpil peche, lèfini li te pote pèp Izrayèl fè sa ki mal tou.

Read all of 1 Kings 14

Cross References

Leviticus 26:32Se mwen menm ankò ki pral devaste peyi nou an. Ata lènmi nou yo ki pral pran peyi a pou yo rete pral sezi wè sa m'ap fè.

Deuteronomy 4:26Si nou fè bagay konsa, men m'ap pran syèl la ak latè a pou temwen pou yo tande sa m'ap di nou jòdi a: N'ap rete konsa, n'ap disparèt nan peyi nou pral pran pou nou lòt bò larivyè Jouden an. Nou p'ap rete lontan nan peyi a, paske nou tout pral disparèt nèt.

Deuteronomy 28:36Seyè a pral depòte nou ansanm ak tout wa nou te mete alatèt nou, nan yon peyi etranje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Lè n'a rive la, n'a sèvi zidòl fèt an bwa ak zidòl fèt ak wòch.

Deuteronomy 29:24Lè sa a, tout moun sou latè va mande: Poukisa Seyè a fè moun sa yo sa? Pouki tout kòlè sa a sou peyi a?

Joshua 23:15Wi, menm jan Seyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l'a voye sou nou tout kalite malè, jouk l'a disparèt nou nèt nan bon peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.

1 Kings 14:9Ou fè pi mal pase sa ki te chèf anvan ou yo. Ou sèvi lòt bondye, ou fè estati an kwiv pou yo, ou voye m' jete, ou fè m' fache.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Kings 14:15

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Kings 14:141 Kings 141 Kings 14:16 →