1 Kings 15:4
Men poutèt David, Seyè a, Bondye li a, te bay Abijam yon pitit gason pou te toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm apre li. Konsa lavil Jerizalèm va toujou rete kanpe.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:2M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
Genesis 26:5tout sa, paske Abraram te tande m' lè m' te pale avè l', li te swiv tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen yo. Li te fè tout sa mwen mande l', li te obeyi tout lwa mwen yo.
2 Samuel 7:12Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm.
1 Kings 11:12Men, poutèt David, papa ou, mwen p'ap fè sa nan vivan ou. Se nan men pitit gason ou lan m'ap wete gouvènman an.
1 Kings 11:36M'ap kite yon sèl branch fanmi pou pitit li a. Konsa, David, sèvitè m' lan, va toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm, lavil mwen te chwazi pou m' rete a.
Psalms 18:28(018:29) Seyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a.