1 Kings 21:7
Jezabèl di li: -Kouman! Se pa ou ki wa nan peyi Izrayèl la ankò? Leve non, monchè! Manje manje ou, fè kè ou kontan. Mwen pral ba ou jaden rezen Nabòt la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 8:14L'ap pran pi bon jaden nou yo, pi bon jaden rezen nou yo, pi bon jaden oliv nou yo, l'a bay moun k'ap sèvi l' yo.
1 Kings 21:15Resevwa Jezabèl resevwa nouvèl lanmò Nabòt, l' al di Akab: -Leve non. Al pran jaden rezen Nabòt, nonm lavil Jizreyèl la, pou ou, jaden li te refize vann ou an. Nabòt pa nan moun isit ankò, li mouri.
Ecclesiastes 4:1Apre sa, mwen gade tout lenjistis k'ap fèt sou latè. Dlo ap koule konsa nan je moun y'ap maltrete yo. Pa gen pesonn pou ede yo. Moun k'ap maltrete yo gen lafòs avèk yo. Pesonn pa ka fè anyen pou yo.
Daniel 5:19Bondye te sitèlman ba li pouvwa, tout pèp, moun tout ras, moun ki pale tout kalite lang te pè l'. Yo te tranble devan l'. Li te touye moun li vle, li te kite moun li vle viv. Li moute moun grad, li desann moun grad jan li vle.
Micah 2:2Yo anvi yon jaden, yo pran l'. Yo anvi yon kay, yo antre kareman, yo pran l'. Yo maltrete mèt kay la ak tout fanmi l'. Yo bat moun yo, yo pran tout byen yo.