1 Kings 21:8
Jezabèl ekri kèk lèt, li siyen non Akab anba yo, li sele yo ak so wa a, epi li voye yo bay chèf fanmi ak otorite ki rete lavil Jizreyèl menm kote ak Nabòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 11:16Seyè a di Moyiz konsa: -Sanble swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, moun ou konnen ki gen otorite sou pèp la, ki konn bout yo. Mennen yo nan Tant Randevou a. Fè yo rete kanpe la avèk ou.
Deuteronomy 21:1Si nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou n' rete a, nou rive jwenn kadav yon moun yo sasinen nan yon jaden, san nou pa konnen ki moun ki fè sa,
Ruth 4:11Chèf yo ak lòt moun yo di l': -Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Seyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm.
1 Kings 20:7Wa Akab fè rele tout chèf fanmi ki nan peyi a, li di yo konsa: -Jan nou wè l' la, nonm sa a soti pou l' pran tou sa nou genyen. Li te voye mande m' madanm mwen yo, pitit gason m' yo ak tout bagay an lò ak an ajan mwen genyen. Mwen pa refize l' anyen.
2 Kings 10:1Akab te gen swasanndis pitit gason nan lavil Samari. Jeou ekri yon lèt, li voye yon kopi bay tout chèf ki lavil Samari yo, bay chèf fanmi yo ak bay moun ki reskonsab pitit Akab yo. Men sa li voye di yo:
2 Chronicles 32:17Senakerib te ekri yon lèt kote li te joure Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Li te di ladan l': Bondye lòt nasyon ki sou latè yo pa t' ka delivre pèp yo anba men m'. Se pa Bondye Ezekyas la ki va delivre pèp la anba men m'!